|
Pèp Ayisyen,
Manman, papa, frè, sè, tantin,
tonton, kouzin, kouzen, vwazin ak vwazen:
se tout moun sa yo ki konpoze yon nasyon
nan kèlkeswa peyi’a:
Yon nasyon ki sipòte (anjandre)
malvèsasyon oubyen kòripsyon gen
pou’l disparèt tankou pousyè
ke van ap disipe…
Sa n’ap tande nan radio, sa ke nou li
nan jounal ak sa n’ap wè nan televizyon;
sa fè nou tris ak fè nou mal anpil,
anpil…
Sa fè mal anpil pou lopinyon
nasyonal ak entènasyonal lè ke; n’ap
aprann kòman ke van kidnapin avek
tanpet ensekirite ap disipe oubyen
elimine tout yon nasyon anba bab yon bann
otorite Leta Ke pwòp nou menm pèp
Ayisyen mete sou pouvwa…
Nan tout peyi serye; lè ke ou eli yon
kandida se pou’l itil ak sèvi
nasyon’l pou pòs ke li eli pou li’a:
an Ayiti se toujou lekontrè; non sèlman
ke ou fin eli yon kandida, se elektè’a
ankò ki toujou la pou jwe wòl sèvitè’a…
Sètfwasi, annou ede peyi nou; pou Bon-Dje
kapab ede nou…
Kòman ke nou kapab ede peyi nou pou Bon-Dieu
kapab ede nou?: se pou nou deside fini avèk
sitirans, patipri ak kòripsyon, tout fòm
de kòripsyon…
Sitirans se jèm tout epidemi ke nou wè
kap ravaje nasyon’an: tankou zak
zenglendo, kidnapin, ak kraze brize nan
manifestasyon tèt cho mwèl fonn yo…
Vwazen, vwazin ou vle di’m ke ou abite
nan katye-a; epi ou pa konnen moun kap
poze zak kidnapin yo? ou vle di’m ou pa
konnen ki moun nan katye’w ki genyen zam
ilegal nan men yo…?
Manman, papa, frè sè, tantin,
tonton, kouzin, kouzen, vwazin vwazen: Rapòte
bandi sa yo bay oterite ke nou plase pou
gade vi ak byen nasyon’an: Tanpri di sa
nou temwen, sa nou wè avèk de je nan tèt
nou. Lè n’ap rapòte zak kriminèl;
evite tout règleman de kont. Ansanm an
nou ranpli devwa sitwayen nou. Proteje
youn lòt se proteje tout yon nasyon: Si
ou pa denonse zak kidnapin nan ebyen;
prochen viktim nan se petèt ou menm, yon
manm fanmi,yon vye zanmi: JE PRAN KOU; NEN
KOURI DLO se pou nou konnen ensekirite se
yon virus ki kapab atake nenpò̀t ki
moun, nenpòt ki kote ak, nenpò ki lè; pèsonn
pa egzanm. Ensekirite pa nan paspouki…
Pèp ayisyen, nou viktim de
pwòp sitirans nou: aprann sa byen;
si pat gen sitire pa tap gen
vòlè…
Ekzekitif, Lejislatif, Jidisyè, La
police:
Eske konpòtman nou vle fè konprann
ke nou pa konnen ki taktik, ki estrateji
pou nou mete kanpe pou nou konbat bandi,
kinapè, kriminèl k’ap sal
imaj peyi’nou an…? Mezanmi lilè,
litan pou nou Ayisyen dote peyi nou avèk
yon bòn structure k’ap kabap poze baz
pou yon devlopman dirab…
Ekzekitif, Lejislatif, Jidisyè, La
police:
Eske konpòtman nou vle fè konprann
ke leta ayisyen pa kapab mete lajan
deyò pou jwenn bon jan enfomasyon
nan men popilasyon’an sou tout aktivite
kriminèl kap òganize nan tout
koridò Pòtoprens; tankou sa
fèt nan tout peyi ki genyen yon gouvèlman
serye?
Mesyedam, ala kreten nou ta kreten nan
tèt yon leta
Antouka, nou pa la pou pouse pèp al fè
vyolans men, nou kapab konseye pèp la
pou’l pa vote yon kandida sou baz tafya,
tanbou ak kout vaksin. Fòk nou fini avèk
sitiyasyon apre bal tanbou lou’a.
Paske sa fè lontan, lontan depi ke n’ap
vote pou tafya, tanbou ak kout vaksin…
Ayisyen, frè-m ak sè-m yo: 12 JANVYE
2010 di nou reveyons-nous paske nou déjà
anreta, twòp, anreta menm…
An nou lite ansanm pou genyen eleksyon onèt
ki òganize nan peyi’a; defason pou nou
kapab retire tout endividi enkopetan
enkapab nan tout branch ki konpoze pouvwa
leta’a: fòk peyi Dayiti sispann
dirije pa yon bann entèlektyèl
andikape
Sonje ke enstriksyon sivik ak moral
ansenye nou depi nan klas primè kisa yon
sitwayen dwe konnen pou’l kapab sèvi
peyi’l byen…
Ekzekitif, Lejislatif, Jidisyè La
police: Ou plase pou nou bay pèp la sèvis;
se pa pèp la ki plase pou ba’ou sèvis
Zanmi lektè pa bliye pa janmen bliye ke;
Si pat gen satire, pa tap gen vòlè!!!
Marc S. Bien-Aime
|