24.6 C
Port-au-Prince
samedi, avril 20, 2024

Abonnement

spot_img

8 Mas: Jounen Entènasyonal fanm

Chak ane nan mond lan yo selebre 8 mas ki se jounen entènasyonal fanm. Kisa ki mennen a selebrasyon jou sa ki se yon dat istorik?

Nan koumansman 20e syèk la, erop la te konnen anpil ajitasyon ak manifestasyon kote medam ki tap travay nan endistri tekstil yo te fè yon leve kanpe pou yo mande pi bon kondisyon travay ak egalite ant yo menm ak gason. Yo tap reklame egalite sa nan nivo ekomik politik ak sosyal

- Publicités -

Leve kanpe sa ta pral chanje anpil bagay nan mond lan. Kote nan lane 1900 kèk zòn nan peyi (nouvelle-Zelande) ( Slovenie) pwoklame dwa vòt pou fanm yo. Sa pat rete la, nan lane 1910 nan dezyèm konferans entenasyonal fanm sosyalis yo sou pwopozisyon yon potorik fanm ki pote non Clara Zetkin, vin gen yon jounen entènasyonal fanm men pat gen dat espesyal kite deside. Se Selman nan lane 1917 yo pral deside 8 Mas pou selebre jounen entènasyonal fanm apre yon gwo manifestasyon medam yo te fè nan (saint Petersbourg).

Mouvman feminis ki pral miltipliye nan mond lan nan lane 70 pral bay mouvman sa plis jarèt, ONU pral rekonèt ofisyèlman 8 mas kom jounen entènasyonal fanm nan lane 1977 e lafrans nan lane 1982.

Jounen jodi anpil kote nan mond lan selebre jounen mondyal fanm ki se yon okazyon pou fè bilan sou sitiyasyon fanm epi kontinye batay pou egalite fanm ak gason nan mond lan, Sa ki vin bay plizyè kalifitikatif pou jounen sa a, Jounen entènasyonal fanm , jounen lit pou dwa fanm , jounen fanm.

Par: jeunehaiti

Publicitéspublicité

Boite aux lettres

Articles Similaires

Mesaj pou grandèt ki te fè bwa Kayiman yo…

Ak nou menm, zantray nasyon an, Ak nou menm gason...

Entrepreneuriat Social : ‘’Konbit Pou Yon Ayiti Bèl’’ pour un environnement plus adapté aux défis de l’heure.

Après la brise fatidique d’une nuit enchantée, avant même que le cri du coq fasse son rappel matinal, la population de Delmas 32 se trouve confrontée par l’initiative d’un groupe de jeunes proactifs.
jeunehaiti
jeunehaiti
Agence de presse numérique par et pour la Jeunesse